Gaya [Kanaval 2017]-Michael Brun

Genre-Kanaval
Year-2017
Featuring-Lakou Mizik, J.Perry
Produced By-Michael Brun
oh oh oh oh oh oh oh oh

Moun Jeremi Okay yo – avanse
Moun Leogane, kot moun Jacmel yo – avanse
Moun Okap Latibonit yo – avanse
Moun fon kochon, moun Lagonav yo – avanse

Wi peyi sa twò rich pou y ap di l pòv
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
se ti peyi k gen sitadèl la
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
wi se peyi Pik Makaya l ye
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
peyi premye pèp nwa nan mond lan
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya

oh oh oh oh oh oh oh oh

yo di m piga pale pawòl moun yo ti gason
pe djòl ou pa pale koze moun yo ti gason
yo di m pa antre nan koze moun yo ti gason
pe djòl ou pa pale koze moun yo ti gason

non m paka kite kraze kilti sa
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
se pa ti bou tè Dessalin nan
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
pa kite pilonnen kilti sa
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya
premye zile ki libere a
gaya gaya gaya woy woy woy gaya gaya

oh oh oh oh oh oh oh oh

nou fè l, nou fè l yo wè se ak kilti n nou fè l
Mezanmi nou kenbe lemond n eklate lemond
nou fè l, nou fè l yo wè se ak kilti n nou fè l
yon pèp ki bliye kilti l kap imilye lòt nasyon yo wèl
lemon antye pap respekte w blofè kafou oh

kafou oh ouvè chimen,
kafou oh ouvè chimen pou nou antre

mwen di kafou n a ouvè chimen la
kafou oh ouvè chimen pou nou pase
kafou oh ouvè chimen,
kafou oh ouvè chimen pou nou pase

oh oh oh oo o o

Moun Jeremi Okay yo – avanse
Gonayiv a moun Okap yo – avanse
Jacmel, moun Okay yo – avanse
Pòtoprens ak moun Tigwav yo – avanse

Chofè moto m yo – avanse
Moun Bonrepo, moun Kanaran m yo – avanse
Moun Dema yo – avanse
Cite Solèy ak Solino yo – avanse

Ayia iya iya – avanse
devan devan devan nèt
An ale an ale – avanse
An ale san w pa gad dèyè

Ayia iya iya – avanse
devan devan devan nèt
An ale an ale – avanse
Pa kanpe pa kanpe woy

Ayia iya iya – avanse
devan devan devan nèt
An ale an ale – avanse
Wey ti bway an ale manman

Ayia iya iya – avanse
devan devan devan nèt
An ale an ale – avanse
Se konsa pou n ale woy